0Shares

14 mas 2021 sa a fè egzakteman 3 lane depi jounalis Vladjimir Legagneur te soti pou ale reyalize yon repòtaj nan Gran-Ravin. Li pa janm retounen lakay li. Aprè silans lapolis nan dosye sa a, avoka Jacques Letang detaye kijan lalwa konsidere ka Vladjimir Legagneur a.

Depi jou mèkredi ki te 14 mas 2018 la, repotè a te deplase pou ale fè yon repòtaj nan Gran-Ravin, yon katye ki chita nan Sid Kapital peyi a, ki gen repitasyon “katye cho”, kote ensekirite, zam ak kidnapin se sèl kòk chante.

Pandan 36 mwa ki sot pase la yo, anpil ayisyen ki nan asosyasyon jounalis, nan sektè jistis la, nan sektè dwa moun nan, pa janm sispann poze kesyon sou sa ki ta rive jounalis Legagneur.

“Kote Vladjimir Legagneur ?” se youn nan kesyon ki parèt anpil nan laprès, sou rezo sosyal yo ak nan anpil bandwòl ak pankat.

Pandan tout moun ap tann repons otorite nan Leta, medya yo ak senp sitwayen ap kesyone tèt yo sou ki mo ki pi kòrèk pou pale de sitiyasyon sa a. Èske Ayisyen dwe pale de lanmò, asasinay, oubyen disparisyon ? Prezidan Federasyon Bawo Ayisyen yo (FBH) ki se avoka fanmiy Legagneur nan dosye a, bay kèk presizyon ki chita sou pwovizyon legal Kòd sivil ayisyen an.

Yon dosye ki devan lajistis depi 3 lane

Douz jou aprè pèsonn pat gen nouvèl jounalis la, nan dat mèkredi 28 mas 2018, Michel-Ange Gédéon, Direktè Jeneral Polis Nasyonal la nan epòk la, te revele : « gen analiz ADN ki pral fèt sou kèk zosman ak yon chapo lapolis syantifik te jwenn sou yon teren, nan katye Siyon, lokalite Palema, nan Gran-Ravin ». 3 lane aprè, okenn otorite nan lapolis la, ni nan lajistis la, ni nan egzekitf la pa janm prezante devan popilasyon an pou kominike rezilta tès ADN sa yo, jan yo te pwomèt sa.

Parapò ak sa, avoka ki sou dosye a, Mèt Jacques Letang di li kwè enstitisyon ayisyèn yo pa gen kapasite pou fè otopsi paske si rezilta tès ADN yo [sa ansyen Direktè Jeneral PNH la te pwomèt la] te prè, opinyon piblik la t ap deja konnen yo ».

Anplis, selon avoka a, gen yon gwo obstak pou dosye a fè chemen l. Manda Jij Jean Wilner Morin ki se jij ki sou dosye Legagneur a, te bout. Depi lè sa a, egzekitif la poko janm renouvle manda jij la. Alòske majistra Jean Wilner Morin te deja tande 3 temwen, epi 4 lòt sitwayen te gentan nan gadavi nan menm dosye sa a.

Daprè Mèt Letang, se youn nan pwoblèm ki bloke avansman dosye a. « Nan ka sa, avoka a souliyen 2 opsyon anplis ki posib : premye a se egzije dwayen tribinal la, Bernard Saint-Vil, remèt dosye a bay yon lòt jij. Dezyèm nan se fè yon rekou entènasyonal ki ka pèmèt yo egzije Leta ayisyen mennen yon ankèt. Men, avoka a rekonèt dezyèm opsyon an se yon demach ki long anpil.

Manm bawo Pòtoprens lan di « ak pasyans l ap jwenn trip foumi ». Dirijan òganizasyon “Biwo Dwa Moun an Ayiti” a (BDHH) di li espere kanmenm dosye a ap pwogrese. L ap prepare l pou kesyone pwosesis renouvèlman manda Jij yo. Pami yo, manda majistra Jean Wilner Morin.

Kijan lalwa konsidere Vladjimir Legagneur ?

Daprè Mèt Jacques Letang :

« Vladjimir Legagneur konsidere tankou yon moun ki disparèt paske tribinal poko delivre okenn dokiman jiridik ofisyèl ki konfime absans li. Anplis, dosye a toujou la ».

Jiris la rekonèt absans ak disparisyon se 2 vokabilè jiridik diferan, selon mèt la, nou dwe fè atansyon pou nou pa konfonn yo.

Nan Kòd sivil ayisyen an : « yo konsidere yon moun tankou yon moun ki disparèt lè, aprè yon evènman ki fè kwè li prèske sèten moun nan mouri, oubyen gen anpil chans pou moun sa mouri. Nan ka sa, y ap di moun sa “Disparèt” ».

Atik 1 dekrè 14 Novanm 1977 sou deklarasyon lanmò moun ki disparèt yo di : « sou demann moun ki gen dwa pou sa oubyen Ministè piblik la, yo ka legalman deklare lanmò tout Ayisyen ki disparèt an Ayiti oubyen aletranje, lè yo pa jwenn kadav li epi gen sikonstans espesyal nou ka klarifye ki etabli lavi l te an danje ».

Alòske, legalman, yo pale de absans nan menm Kòd sivil sa a lè se « yon moun yo pa konnen si li vivan oubyen si li mouri ». Nan lojik dwa a , se pa sèlman ‘’non-prezans’’ yon moun lakay li ki karakterize absans li, disparisyon li san okenn moun pa gen nouvèl li, se yon karakteristik tou. Kidonk se yon moun ki pa gen anyen ki etabli egzistans li epi anyen pa ka pwouve lanmò l nonplis.

Nan langaj jiridik la, yo di « moun ki absan » an « non-prezan». Yo pa konsidere li gentan mouri. Nan sans sa a, atik 102 Kòd sivil la di : « Lè yon moun sispann prezan nan espas lakay li, epi depi yon lane pèsòn pa gen nouvèl li, pati (moun) konsène yo oubyen fanmi li ka ale devan tribinal ki konpetan pou sa, pou yo ka deklare absans lan ». Aprè yon lane absans, fanmi moun ki absan an epi ki gen dwa pou sa, ka mande tribinal ki nan komin kote moun nan te rete a yon deklarasyon absans.

Anvan tribinal la fè deklarasyon absans lan, li dwe : Premyèman, òdone yon ankèt lakay moun yo konsidere tankou prezime absan an ; dezyèmman, deside sou motif absans lan ; Twazyèmman, deside sou koz ki anpeche yo gen nouvèl moun ki prezime absan an.

Men pou mete plis presizyon « jijman ki òdone deklarasyon absans lan dwe fèt 6 mwa aprè jijman ki òdone ankèt la ; epi Ministè piblik la ap pran tout dispozisyon pou jijman ki òdone ankèt la ak tout jijman deklarasyon absans lan pou pibliye nan Jounal ofisyèl peyi a ‘’Le Moniteur’’ », jan demach jiridik la mande sa.

Premye minis Joseph Jouthe fè yon deklarasyon…

Jou ki te 21 desanm 2020 an, Premye minis Joseph Jouthe ki te anvi leve rido sou mistè ki kache dèyè disparisyon jounalis l, fè yon deklarasyon ki mete egzekitif la ak Lapolis nan yon pozisyon ki difisil. Chèf gouvènman an deklare devan kamera laprès : « Nou pèdi yon jounalis. Mwen te gen chans rankontre li ak tout vigè li. M vle pale de Vladjimir Legagneur. M pèdi misye [Vladjimir Legagneur], li tounen yon lafimen pèsonn pa konn kote l ye, e nèg ki touye li a li la l ap pale anpil… [ndlr] ».

3 lane aprè, malgre deklarasyon premye minis Joseph  Jouthe la, menm kesyon yo kontinye poze : Kote tès ADN Direktè lapolis la te pwomèt la ? Kote Vladjimir Legagneur ?

0Shares