0Shares

Nan orijín li mo “Kreyòl” la posede 2 etimoloji, youn pòtigèz (Crioulo), yon lòt espanyòl (Criollo) ki sòti nan menm mo laten ki se 《criare》, ki vle di 《Nouri》oubyen 《elve》, oubyen pi presizeman 《Sèvitè ki nouri nan kay la menm》. Alabaz, yon moun yo te konn rele 《Kreyòl》te vle di dabò yon moun 《elve sou plas》, sètadi yon moun 《Ki fèt nan peyi a》. Nan yon premye tan mo a te konn sèvi pou dezinye pitit blan ki fèt e ki elve nan koloni an: Ayiti, Matinik, Gwadloup, elatriye.

Apre, mo 《Kreyòl》la te konn anplwaye pou dezinye popilasyon nwa – Yo te konn pale lè sa de kreyòl koulè – e pa vwa konsekans, lang popilasyon sa, yo te konn rele l 《Kreyòl 》tou. Yo te menm etann mo a pou dezinye bèt ak bagay ki sòti nan koloni yo. Lè yon moun, yon bèt oubyen yon bagay se yon bagay kreyòl, sa te vle di avan tou ke se pwodui koloni yo yo te ye.

Mo 《kreyòl》la lè l ekri an miniskil yo anplwaye l ak konotasyon divès pou yo pale de yon lang miks ke yo asosye a lang popilasyon nwa yo. Se yon fenomèn lengwistik. Se kontak plizyè lang ki kontre ki bay nesans a yon lang 《kreyòl》. Tout kreyòl se esansyèlman rezilta melanj plizyè lòt lang pou bay yon lang. Gen plizyè lang kreyòl. Lang sa yo pran nesans ant XVI èm ak XVII èm syèk akoz de la trèt dè nwa ki te òganize pa dè puisans kolonyal Alepòk, patikilyèman Lafrans, Pòtigal, Espay, Grandbretay, Peyiba ak lòt peyi tankou Lasyèd ak Dánmak tou.

Yon ti listwa sou lang kreyolize ak Pidjinize yo

Yo souvan konsidere lang Kreyolize yo ak lang Pidjinize yo kòm koripsyon fransè, anglè, oubyen pòtigè. Yo pale de lang sa yo se lè de lang melanje o kou de istwa yo pou fòme yon twazyèm ki distink de de premye yo.

Ou sitou jwenn kreyòl ki gen baz anglè, fransè, pòtigè, espanyòl ak neyèlandè. Se poutèt sa gen lengwis ki panse ke gen parante jenetik ant kreyòl yo e ke yo de sous endoewopeyèn. Sa vle di ke w dwe chèche orijín kreyòl yo nan fransè popilè XVIIÈM syèk (oubyen nan anglè popilè,  espanyòl, elatriye.).

Yon pidjín ta ka koresponn a yon sistèm lengwistik ki dote de strikti ridimantè (Leksik redui, strikti gramatikal elemantè) ak fonksyon sosyal limite. Pidjín nan pa lang matènèl okenn nan lokitè k ap itilize l yo. Yo pale de kreyòl se lè pidjín nan vin lang matènèl yon pòsyon oubyen ansanm kominote ki adopte l la. Pidjín ak kreyòl pataje menm lè lengwistik.

Selon yon resansman ki te fèt an 1977 pa Lan Hancock  («Repertory of Pidgin and Creole Languages», dans Pidgin and Creole Linguistics, cité par Robert CHAUDENSON, Les créoles français, Paris, Nathan, 1979), yo te denonbre 127 kreyòl oubyen pidjín nan mond la.

Istorik Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl la

An 1981, dè syantifik kreyolofòn te kòmanse poze tèt yo kesyon sou metòd pou pwomouvwa lang kreyòl la, suit a yon kòlòk ki te dirije pa komite entènasyonal etid kreyòl yo. 28 oktòb 1981, yon twazyèm kòlòk te fèt, nan Vye, nan Sentlisi. Nan dat sa, kreyolofòn yo te deside kreye yon mouvman ki te pote non 《BANZIL KREYÒL 》, epi yo te tou kebe dat la pou yo selebre 《Jounen kreyòl》.

28 oktòb 1983, se te dat premye selebrasyon ofisyèl jounen lang kreyòl. Apre kèk ane, gen kèk amelyorasyon ki fèt nan selebrasyon sa kote ke yo dedye tout yon mwa (Oktòb) pou lang ak kilti Kreyòl.

Pami aktivite ki gen nan kad mwa kreyòl la, Chantal Loïal yon gwadloupeyèn, ki se koyegraf epi dansez, te kreye sa fè 5 ane festival 《Le mois kreyòl》. Yon seri aktivite pliridisiplinè, itineran, ak entèjenerasyonèl pou fè perenizasyon, transmisyon ak pataj kilti kreyòl peyi doutremè yo ak afriken yo.

Denojou kisa ki yon kreyòl? 

Pozisyon Senatè Patrice Dumont sou kesyon sa se : 《Anjeneral betay ak danre, sitou bannann, yon peyizan kiltive. Amatè kòk kalite yo toujou itilize mo kreyòl la pou yo fè diferans ant yon kòk yo achte tou rèk pou y al nan gagè avè l ak yon kòk ki pitit poul yo ki fèt e ki leve nan lakou yo. Kòk sa a se yon kreyòl. Lè yon moun di “bote kreyòl, zanno kreyòl, teni kreyòl”, se anakronis. Si nou apwofondi deba a fas pou fas ak lengwis yo – mwen respekte anpil – men ki kenbe yon pozisyon konsèvatè, yon pozisyon teknik, n ap debouche sou evidans goumen pou mo kreyòl la konsènan pèp ayisyen an ak lang ayisyen an, se sa yo rele an n Ewòp “revizyonism” lan.》.

Kisa ki kilti kreyòl ?

Pou Minis kilti, mesye Jean Emmanuel Jacquet:《Kilti kreyòl la se ansanm sa nou genyen kòm koutim, mès nou yo, jan nou viv… Nou gen yon seri de pratik kiltyèl… Kreyòl la se tout sa nou pote kòm tradisyon, fason nou fonksyone ki te diferan de kolonizatè yo. Ansanm de koutim sa yo nou pataje yo ak lòt pèp tankou matinikè, gwadloupeyen, moun ki nan zile la Reyinyon, Il Moris, moun ki nan oseyan endyen ki gen menm jan de pratik sa yo. Nou ekri nan lang la, nou gen dans pa nou…》

Pou istoryen Georges Michel: 《Kilti kreyòl la se yon bagay ki trè vas. Se yon kilti ki gen lang kreyòl la byennantandi. Se yon kilti de plantasyon, se yon kilti dè zil, se yon kilti de kolonizasyon fransèz, anglèz XVIIèm ak XVIIIèm syèk…

Gen de Pòl kriyolite nan le mond. Pòl Karayib la ak pòl oseyan Endyen ki gen lil Moris, Sechèl ak la Reyinyon ladan l. Yo konsidere kèk koloni pòtigèz kòm Brezil di Nòdwès, Kapvèr ak Sawotome Prennsipe Kòm dè sosyete Kreyòl. 》

Pou madam Chantal Loïal, kreyatris festival 《Le mois Kreyòl》, kilti kreyòl la se tout li menm. Se sa ki fè de li yon dansez koyegraf ki al chèche lòt yo nan yon dinamik echanj epi pataj. Se sa ki mennen travay li epi chwa l yo kòm direktris festival la.

Èske gen diferans ant kilti Kreyòl ak kilti ayisyen?

Pou Senatè Dumont: 《Nou gen kilti ayisyen. Si w fè yon etid kilti konpare Seychèl ak la Reyinyon paekzanp, de peyi sa yo ak Matinik, Gwadloup oubyen Giyán, Karayib anglè a, Ayiti ak yo chak, n ap jwenn plis resanblans nan lang yo pale a, menmjan sou lòt aspè lavi a, mizik, kwayans, penti, kizín, abita, spò, antre yo ke avèk kilti pa nou an.

Jisteman, aryè aryè aryè gran papa m, gran grann mwen ki t ap viv anvan 1804, yo te swa bosal, swa kreyòl, petèt menm yo te pami Ayisyen ki te kontinye ap rele tèt yo Kongo yo. Men, apati premye janvye 1804, nou tout se Ayisyen. Se tankou nan relijyon kretyen an: anvan Jezi te vini tout moun te payen anba peche; aprè Jezi, limanite sove de anpriz peche a.》

Minis kilti a, Mesye Jacquet reponn nou:《Gen yon seri de eleman ki esansyèl a ayisyen. E se ansanm de bagay sa yo ki karakterize l ki fè l diferan de yon matiniken, yon gwadloupeyen, elatriye. Odela de kilti Kreyòl la ke nou pataje ak lòt pèp ki pale kreyòl nou gen bagay ki pwòp a nou menm e apati de yo yo ka idantifye nou pèsonèlman.》

Pou Pwofesè ak Akademisyen Rogéda Dorcé Dorcil, nou gen kilti ayisyen men anndan kilti nou an nou gen yon eleman ke yo rele 《lang kreyòl la》.

Pou istoryen Georges Michel: 《Kilti Kreyòl la pi vas ke kilti ayisyen an. Gen anpil pwen komen ant kilti ayisyen an ak kilti kreyòl la. Si w ap suiv moun il Moris menmsi yo elwanye de nou, w ap wè plizyè pwen komen ant nou menm ak morisyen yo. Pa egzanp : yo demenaje lannwit kouwè nou. Morisyen yo manje kasav menm jan ak nou. Nan kreyòl ayisyen an yo di :《Langèt manman w!》. Nan kreyòl morisyen an a kenz mil komèt de isit yo di: 《langèt tou mama!》.

Pou madam Chantal Loïal kilti ayisyen an anndan kilti Kreyòl la.

Pouki lang nou an pa rele ayisyen?

Senatè Patrice Dumont wè bagay yo konsa :《Paske moun sa yo (L ap pale de blan kreyòl yo) ki te ba l non an se Kreyòl yo te ye. Epi, paske Revolisyonè ayisyen yo te konsantre sou non peyi a sèlman kòm senbòl pou korije. Se pou sa yo retire Sendomeng, yo rebay tè a non Ayiti ke yo te konnen ki te la avan Kristòf Kolon. Konsève fransè a te stratejik pou nou paske lang nou an potko gen ekriti.》

Istoryen an pa monte menm cheval ak Senatè a sou pwen sa. Pou li menm: 《Non ofisyèl lang nou an se kreyòl ayisyen. Yo kalifye de kreyòl paske se yon lang kreyòl li ye. Nati teknik lang la se kreyòl. Yo di pa egzanp: kreyòl ayisyen, kreyòl sechelwa, kreyòl guadeloupeyen, kreyòl matiniken, kreyòl gyanè.》

Pwofesè, Akademisyen Rogéda Dorcé Dorcil wè bagay yo nan menm sans ak istoryen an. Pou li, gen yon fanmi lang ke yo rele kreyòl. Kreyòl ayisyen an sòti anndan l. Se menm jan ou ta ka pran fransè a ki sòti nan fanmi lang ke yo rele lang Latín yo.

Pouki sa yon dat rezève pou selebrasyon lang ak kilti Kreyòl ?

Senatè Dumont reponn konsa:《Moun yo ki te pran inisyativ la dwe te sansib a pwen komen istwa, lang ak kilti kreyòl yo twouve ki pa gen ase vitalite ni rekonesans.

Pou istoryen an se yon richès, se yon privilèj sa ye pou tout pèp ki gen pou wè ak lang ak kilti kreyòl.

Minis kilti a, mesye Jean Emmanuel Jacquet ak Akademisyen an, pwofesè Dorcil, panse ke se yon gwo akonplisman. Ansanm de aktivite sa yo pèmèt nou mete lang nou ak kilti nou an valè nan zye tout lòt moun.

Èske selebrasyon mwa ak kilti kreyòl pa yon omaj a kolonizasyon?

Istoryen Georges Michel wè bagay yo konsa: 《Kolonizasyon an ke w vle l, ke w pa vle l se yon bagay ki fèt ou oblije viv ak konsekans li epi jere l. Lè n ap plenyen pou akoz kolonizasyon sa pap mennen nou pyès kote. Pou na l pi lwen, ni mwen ni lòt ayisyen yo nou se pwodui kolonizasyon fransèz nan diferan domèn. Ke nou vle l, ke nou pa vle l. Kolonizasyon an enplike apò afriken, apò kreyòl, apò ewopeyen, elatriye. Pase a pase deja, se devan pou n gade paske n paka aji sou li. 》

Senatè Dumont reponn konsa li menm :《Jiskaprezan, mwen konn tande, mwen konn li, Beke yo, desandan Blan kreyòl yo, toujou pi enfliyan nan ekonomi ak vi sosyal sosyete kreyòl yo. Kesyon an byen poze konsa. Se Ayiti sèlman ki rive mete fen a kreyolite a. Men fò nou rekonèt batay la te di pou nou. Alman ak Fransè te vin antre nan politik ak vi ekonomik nou an dominatè jiskaske Ameriken detwone yo an 1915 pou jous kounye a. Depandans lan s on w reyalite brital pou vrè patriyòt ti peyi yo.》

Minis kilti a, mesye Jean Emmanuel Jacquet wè bagay yo diferan de Senatè a:《Se vre ke gen de move souvni ki mache a sa, men kreyòl la se lang nou e pa gen anyen pou wè a omaj a kolonizasyon nan jan de aktivite sa yo. Se lang ki te soude nou lè n t ap met tèt nou ansanm pou n te konbat kolonizatè a. Se yon bagay fondamantal pou nou travay pou pwomosyon lang nan.》

Pou Pwofesè, Akademisyen Dorcil : 《Jan de bagay sa yo senbolize sòti nou nan zafè kolonizasyon an. Nou pran endepandans nou atravè lang nou pale e kilti nou. Nou selebre mwa Kreyòl, nou selebre jounen kreyòl. Sa pa gen anyen pou l wè ni de lwen, ni depre a omaj a kolonizasyon. Dayè selebrasyon kreyòl se tou lè jou. Chak fwa m pale kreyòl sa montre kapasite m pou m viv Kòm pèp lib. Lè m suiv pakou kreyòl la pou l vin sa l ye jodi a kòm lang, m di ke nou fè anpil pakou pou sòti nan kolonizasyon an.》

Madam Loïal reponn nou konsa:《Non, non! Okontrè, se yon omaj a la kreyativite ak vitalite pèp ak kilti kreyòl ki fasone de seri de ekspresyon atistik sosyetal ak inovant. 》

ARISTILDE Deslande

Yon gran mèsi pou moun ki te pèmèt travay sa:

Senatè Patrice Dumont
Minis Kilti ak Kominikasyon Jean Emmanuel Jacquet
Akademisyen, Pwofesè lengwistik aplike (UEH) Rogéda Dorcé  Dorcil

Istoryen Georges Michel

Chantal Loïal

Referans
(Sit entènèt yo te konsilte le 29 oktòb)

Referans 1

Referans 2

CALVET, Louis-Jean et Robert CHAUDENSON. Saint-barthélemy: une énigme linguistique, Paris, CIRELFA, Agence de la Francophonie, 1998, 165 p.

CHAUDENSON, Robert. Des îles, des hommes, des langues, Paris, L’Harmattan, 1992, 309 p.

CHAUDENSON, Robert. La créolisation, théorie, applications, implications, Paris, Éditions L’Harmattan, 2003.

CHAUDENSON, Robert. «Les créoles à base française» dans Les langues de France, Paris, PUF, sous la direction de Bernard Cerquiglini, p. 257-268.

BICKERTON, Derek. Language and Species, Chicago, University of Chicago Press, 1990.

LASSAGNE, François. «Créole, la naissance d’une langue» dans Science et Vie, Paris, no 227, hors série juin 2004, p. 78-85.

MANESSY, Gabriel. Créoles, pidgins, variétés véhiculaires, Paris, Éditions CNRS, 1995.

YACOUB, Joseph. «Les minorités en Amérique latine et aux Caraïbes» dans Les minorités dans le monde, Paris, Desclée de Brouwer, 1998, p. 781-805.

0Shares