E si anglè ta ap ranplase fransè a ti kras pa ti kras an Ayiti ?
Jeneralman, deba toujou rete sou predominans lang fransè a sou kreyòl Ayisyen an. Pèsepsyon an toujou rete sou baz relasyon istoriko-politik nou genyen ak peyi Lafrans. Fason yo enpoze nou lang la menm jan yo fè sa pou tout ansyen koloni yo, yon fason pou yo toujou gen anpriz yo sou yo. Priz an kont evolisyon relasyon sosyoekonomikopolitik nou yo pa souvan fèt nan poze pwoblematik lang la an Ayiti. Poutan, peyi Lèzetazini chanje dòn yo nèt depi okipasyon amerikèn nan.
Kontrèman a Kreyòl ayisyen an ki se lang popilè a nan peyi a, fransè a ranpli fonksyon lang administrativ depi nan fondasyon peyi a. Jiska dat, menm onivo fonksyon Piblik la, malgre Konstitisyon di gen de lang ofisyèl, se fransè ki sèl kòk chante. Sa ki bay yon reyalite kote ke pale kreyòl vin yon bagay natirèl e pale franse menm vin yon bagay fonksyonèl pou majorite a.
Nou tout okouran de prejidis ke sitiyasyon sa pote sou peyi a. W ap panse natirèlman nan yon lang kote ke yo pra l enpoze w pou eksprime w nan yon lòt. Enpozisyon an mache ak anpil stigmatization ki pati sou yon latriye lojik falasyez tankou: « Depiw pale fransè ou se yon konesè. Depiw pale fransè ou nan yon meyè klas sosyal. Siw paka eksprime panse w an fransè ou pa yon moun ki kiltive. Oubyen, siw ta gen di mal pou pale l, ou ta fè kèk fot nan pale l, andepi de tout konesans, ekspètiz oubyen talan ou ta gen nan yon domèn kèlkonk, ou se otomatikman yon moun sòt ».
Sepandan, pandan fransè a ap taye banda nan peyi a, anglè a ap leve pye l e vanse tipa, tipa. Relasyon sosyoekonomikopolitik nou vin plis panche vè peyi Lèzetazini. Doktrín Monroe a fè blan ameriken choute dèyè fransè pa bò isit e depi okipasyon an yo se sèl kòk chante. Relasyon komèsyal ak migrasyon plis panche vè peyi tonton Sam nan.
Ak avantaj imigrasyon amerikèn nan ofri, sitou ak posibilite pou yon etranje vin sitwayen ameriken epi posibilite pou jwi sa yo rele »jus solis » la, byen dèzane, yon pati nan klas mwayèn ak yon pati nan elit peyi a karakterize pa dè jenerasyon timoun ki pa ayisyen menm si yo viv isit. Lekòl yo ak majorite aktivite yo se an anglè yo fèl. Anpil lekòl ke nou rele lekòl entènasyonal kreye nan peyi a e majorite nan yo se an anglè. Anpil gwo ba, restoran ak klèb se lang anglè a ki an premye nan yo.
Menm konplèks siperyorite ki te la pou montre depi ou pale fransè a ou se yon gwo zafè, se menm li menm ki la pou kreyòl la. Nan le tan sete lekòl kongreganis yo ke la pèsepsyon te montre ki meyè lekòl, de no jou tandans lan vire bò lekòl entènasyonal anglofòn yo (sitou).
Anpil timoun ki se bon sitwayen ayisyen e ki poko janm pile tè letranje ap resevwa edikasyon yo an anglè. Pa gen chif sou sa men nan 20 ane ankò klas mwayèn nan ak elit peyi a ta dwe pale lang peyi tonton Sam nan.
Sa pa souvan poze kòm pwoblematik men, li egziste. Nou fokis sou fransè men nou pa wè avanse anglè a ap fè lakay nou. Èske lè nou va rive jete fransè a se pa pra l ak lang grand puisans la nou pra l frape bab pou bab? Èske anglè a pa sou wout pou l ranplase fransè a menm jan blan ameriken ranplase fransè yo isit?
Aristilde Deslande