Kontitisyon 1987 la rekonèt dwa sitwayen Ayisyen yo genyen pou pwoteste epi manifeste kont tout sa ki pa fè yo byen nan sosyete a. Sepandan, pandan lalwa garanti dwa sa a, li fikse yon seri limit anpil pwotestatè an Ayiti souvan neglije.

Depi aprè rejim diktati bout di François Duvalier ak pitit li Jean-Claude Duvalier antanke 2 diktatè nan tèt Leta a, pèp Ayisyen an gen dwa lib e libè manifeste kòlè ak mekontantman yo legalman nan lari. Se yon libète lalwa garanti epi leta pa dwe vyole.

Atik 1 nan dekrè 23 jiyè 1987 la « konsidere tankou reyinyon oubyen manifestasyon sou wout piblik yo, nenpòt rasanbleman ki depase ven (20) moun, pou rezon politik, ekonomik, sosyal, kiltirèl oswa pou tout lòt rezon depi sa fèt nan lapè ».

Eleman sa a ki se yon ekspresyon demokratik jwenn rasin legal li yo nan atik 31 konstitisyon Ayisyen 1987 la ki presize : « Moun gen dwa reyini lib depi zam pa ladan. Moun lib fè asosiyasyon yo vle, pou tout kòz. Ni pou politik. Ni sou koze lajan. Ni sou lavi peyi a. Ni sou richès ki nan sèvo ak nan lide pèp la. Ni pou tout lòt mouvman ki dèyè lapè ». Yon garanti, ki te ranfòse epi detaye ak dekrè 23 Jiyè 1987, ki te pibliye nan monitè (# 60), ki te adopte sou gouvènman militè ki te gen nan tèt li Jeneral Henry Namphy. Dekrè sa a tou, te fikse an menm tan, yon seri limit legal pou dwa konstitisyonèl sa a nan atik 2 ak atik 4 li.

Selon atik sa yo dwa sa ki se dwa Ayisyen genyen pou yo pwoteste epi manifeste dwe suiv yon pwosedi avètisman legal. Yon fason pou prezève lapè, garanti sekirite lavi ak sekirite pwopriyete moun e sitou pou asire respè dwa ak libète lòt moun, paske « libète yon moun fini kote pa yon lòt moun kòmanse ».

Kouman pou moun avèti yon manifestasyon ?

Atik 31.2 nan konstitisyon 1987 la fè konnen : « Anvan pou yon reyinyon fèt nan lari ou byen nan wout ki sou kont Leta, se pou yo avèti lapolis depi davans ». Se yon pwosedi ki defini aklè nan atik 2 nan dekrè 23 jiyè 1987 la ki endike : « nenpòt moun ki vle òganize pasifikman yon reyinyon oswa yon manifestasyon sou gran wout piblik yo dwe voye nòt bay fòs polis lokal nan kote aktivite sa a prevwa fèt karant-uit èdtan anvan mobilizasyon an ». Selon dekrè a nòt sa a dwe presize, siyati, non, laj, pwofesyon, adrès òganizatè yo, adrès kote rasanbleman an ap fèt, objektif li, pakou li, dat li ak dire li. Nan moman yap fè depo nòt la bay lapolis, òganizatè yo dwe resevwa yon resi nan men lapolis at tout so ki fè konnen lapolis resevwa nòt sa a.

Manifestan Ayisyen – Kredi Foto : Thimoté Jackson

Kisa lalwa di pou manifestasyon ki pa avèti ?

Nan ka manifestasyon bridsoukou san avètisman, manifestasyon sa yo ap kanpe selon lalwa. E lalwa Ayisyen pini tout moun ki pa respekte règ jwèt la nan dosye manifestasyon.

« Òganizatè yo ka pase 3 mwa pou rive 1 lane nan prizon ak yon amann senk mil goud (5.000 goud) pou benefis Leta », dapre atik 4 nan dekrè sa a. Sanksyon yo prevwa tou, pou moun k ap voye moun al fè vyolans lè gen manifestasyon. Pèn sa yo dwe aplike sans paspouki sou sanksyon lalwa ta enpoze kont moun ki koupab pèsonèlman nan pwovokasyon oswa nenpòt zak vyolans, swa sou moun oswa sou pwopriyete ak byen moun pandan manifestasyon.

Manifestan ak kawotchou nan men – Kredi Foto : Thimoté Jackson

Dwa pou manifeste ak dwa lòt moun

« Òganizatè manifestasyon ak pwotestasyon yo gen responsablite pou veye epi asire bon konpòtman manifestan yo ak patisipan yo », selon dekrè 23 juiyè 1987 la nan sa ki ekri nan atik 4 li a.

Daprè dekrè a se yon fason pou moun k ap manifeste yo pa tounen obstak pou lòt sitwayen Ayisyen ki gen pou regle ativite ak okipasyon pa yo.

Nan ka kote moun k ap manifeste yo gen konpòtman entolerab oubyen tounen belijeran nan yon manifestasyon pandan yo deside kraze oswa mete dife nan yon seri bagay tankou (machin, boutik, magazen, kote moun ap fè komès, elatriye), se moun ki òganizatè yo ki pral responsab krim ak enfraksyon (deli) sa yo ki fèt nan manifestasyon an devan lalwa dapre atik 258 nan Kòd Penal Ayisyen an. Òganizatè yo pral responsab pou krim ak deli, ki komèt yo nan manifestasyon yo.

Foto Manifestan – Kredi Foto : Thimoté Jackson

.Selon atik 258 la : « Òganizatè yo, enstigatè ak pwovokatèap gen pou responsab krim ak deli ki komèt nan yon manifestasyon sou baz rebelyon oubyen piyaj, e y ap rekonèt yo antanke moun ki koupab pou enfraksyon sa yo menm jan ak moun ki poze aksyon ki fèt yo ».

Si manifeste rete yon dwa sakre, anpil chaj ak devwa legal rete sou do moun k ap òganize epi patisipe nan manifestasyon an Ayiti.