Avòtman se 3 zyèm rezon ki lakoz plis manman pitit mouri an Ayiti dapre yon rapò Fond des Nations Pour la Population (FNUAP) te soti nan lane 2009. Gen gwo deba jounen jodi a sou kòd penal 1835 lan ki entèdi avòtman ak nouvo pwojè kòd penal ayisyen an ki legalizel.

Nenpòt ki moun, ak manje, bwason, medikaman, vyolans osnon nenpòt lòt mwayen pwovoke yon avòtman ke fi a dakò ou pa ap gen gwo pèn dapre atik 262 kòd penal ayisyen an.

Reklizyon defini tankou yon pèn yo bay yon moun ki fè yon enfraksyon kriminèl k ap lakoz li pa lib pou yon tan ki ka tanporè osnon pou lavi. Nan alineya 2 a li presize menm bagay la rezève pou fanm lan ki pratike avòtman an, Nan lide pou dechouke pratik sa atik la pa wete medsen enfimyè ak tout lòt pesonel sante ki ta enplike nan yon pratik konsa.

Lwa ayisyen an wete dwa pou yon fanm deside sou kòl, si l vle gen pitit ou pa. Teori a ak pratik la se 2 bagay, nan kesyon swen  »neonatal » an ijans avòtman se 3em koz konsiltasyon an ijans ak mòtalite (FNUAP-2009) Depi lè a ayiti nan lis peyi ki gen pi wo to mòtalite matènèl nan kontinan ameriken an, li estime ak anviwon 630 mò pou 100 000 timoun vivan soti 2005 pou rive 2011.

Nan sa ki gen awè ak gwosès moun nan pat swete sèlman 35 % fanm itilize metòd planifikasyon familyal(EMMUS V). Gen 99% ki konn o mwen 3 metòd ki disponid (EMMUS VI).

Statistik sa yo moutre klè malgre avòtman entèdi an Ayiti anpil moun toujou ap fè l, pou moun sa yo risk pou mouri ladanl la wo sitou nan kondisyon yo pratike yo, salte, e li fèt illegal. Gen plizyè oganizasyon fanm tankou SOFA( Solidarite Fanm Ayisyèn) k ap milite pou sa chanje.

Nan lide pou depanalize avòtman atik 340 nouvo pwojè penal la presize « Avòtman ak konsantman lib fanm ansent lan, ki fèt ak tout ekzijans medikal sa mande pèmi, se menm bagay la si sante fizik osnon mantal fi a gen danje pandan gwosès la, osnon si yo vyole l osnon se ensès, li note tou gen pèn si yon fanm avòte san konsantman l, alinea 1 atik 340 lan ekri » lè avòtman fèt san konsantman fi a, gen risk prizon pou 3 a 7 lane prizon pou moun ki koupab yo epi yon amand  50000 goud a 10 0000 goud.

Ansyen minis kondisyon fanm ak dwa fanm lan (MCFDF) Lise Marie Dejan, rekonèt nouvo dispozisyon kòd penal ki ta dwe vote a ap redui anpil enpak avòtman nan sosyete a, antanke premye fanm ki nan tèt MCFDF nan kreyasyon l an 1994, Doktè Lise Marie Dejean kwè pledwaye pou dwa sou sèks ak avòtman s on viktwa ki genyen anpre anpil lane batay.

Pou fè respekte dwa fanm nan tout nivo responsab SOFA raple nan lane 2011 òganizasyon an te kontribye nan avan pwojè lwa ministè kondisyon fanm te elabore sou prevansyon, sanksyon ak eliminasyon vyolans sou fanm, li te gen ladanl dwa pou fanm avòte apre yon vyòl.

Lalwa poko chita sou laj pou yon moun gen pou l avòte sa ki gen gwo anje pou kèk ansyen senatè tankou Jean Renel Senatus.

Li vreman enpòtan pou gen fòmil legal pou redui mòtalite matènèl ki lye ak ansent san moun nan pat vle an Ayiti yon mannyè pou evite fanm pase nan koulwa lanmò chak yo ansent san yo pa vle.

Stechelie Samedi