0Shares

Lang ki ini tout Ayisyen sou latè beni se kreyòl kèlkeswa koulè po l. Li se lang manman. Ki vle di se lang depi yo pale l, yon Ayisyen ap konprann menm si li pa t chita sou ban lekòl. Depi yo pale de ayisyen kòm pèp lang sila paka pa mansyone, se idantite tout Ayisyen, se patrimwàn Ayisyen se eritaj pitit Peyi sa a. Ki kote lang sa soti?

Dapre pwòfesè Jean Casimir lang kreyòl la pran nesans li nan 17èm syèk la nan zile Latòti, kote yon bann nèg zafè pa bon ki te gen nasyonalite (fransè, espayòl, alman, angle) ateri sou zile Latoti, yo kreye yon ti Repiblik kote pwotestan, mizilman, jwif te vini chache lavi an pè. Youn nan premye chèf yo se te Bertrand D’ogéron ki t ap eseye jwenn yon kote pou legliz katolik pa nui sante yo pou defann tèt yo. Se konsa yo pral mete an plas materyo pou kominike nan kominote yo etabli nan Latòti a. Gen anpil istoryen ki fè konprann lang sila soti nan lang franse a. Pwòfese Casimir kontinye pou di lè kreyòl kale pou sèvi zouti kominikasyon nan Sendomeng, blan fransè pat pale franse yo te pale : gaskon, breton, walon, pwovansal elt…

Abbé Grégoire ekri an 1789 lè Lafrans tap pran dife se apèn twa (3) sou kat (4) blan franse ki te ka pale yon ti kras franse byen. Casimir kontinye pou di si menm blan franse pat pale franse kòman pou nèg nan Sen Domeng ta fè pale franse jis tan pou yo ta defòme l ? Li ale pi lwen pou di se lè blan franse fin piye lakoloni la l ranfòse lakay li, e pare kòl pou mete men sou koloni an Afrik, ak an Azi se lè sa minis ledikasyon franse Jil Feri òganize lekòl primè nan tout peyi Lafrans, se moman sa franse a blayi pandanl te genyen lekòl primè pou prensipal kanal pou li veyikile.

Listwa rapòte lè Lafrans ap goumen ak Almay an 1914 gen solda franse ki pa rive konprann younn lòt, alòske se te nan 20èm syèk la.

Michel Degraff (Lengwis) nan repons li bay ak ansyen palmantè Patrice Dumond nan entevyou li bay nan jounal « Le Nouvelliste » nan okazyon jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl la ki di fòk lang kreyòl la ta chanje non pou rele l “Ayisyen” ki ta p yon gwo renome pou pèp la e Pou ka fè diplomasi avèl. Lengwis la fè konnen lang kreyòl la endepandan kòm lang ki pa rete anba bòt lang franse a sa ki vle di li pase 1804 pa l tou, se sa ki fè sans mo kreyòl la nan lang kreyòl la pa ta fouti gen menm sans nan lòt lang.

Pou Jean Casimir lang sila se istwa lakou a, se baz tout etid sou istwa sosyete peyi a. Dapre lengwis yo tout lang ki egziste toujou gen kontak ak lòt, pa gen lang ki sen kèlkelanswa Jan l ta popilè nan rapò kiltire l, politik, ekonomik elt… se sa ki bay nesans nan langaj lwengwistik la “mo prete” men ki pa vle di lang lan an swa pa gen pwòp vokabilè l. Lang kreyòl la gen pwòp leksik li.

Pou Michel Degraff “ kreyòl pale, kreyòl konprann’’ se pawòl Ayisyen se pa pawòl kolon blan. Menm si jodi a kolon blan ak kolon lokal se “ franse pale, franse konprann “ y ap defann. Se sak fè sistèm edikatif ayisyen an gen diferansiyasyon lengwistik sa.

An 1979 refòm Bernard te vle tabli lang kreyòl la nan lekòl ayisyen an antanke lang ansèyman ki t ap fasilite konpreyansyon ak kominikasyon nan sal klas yo, malgre tout pwopozisyon sa yo lang sila pa rive jwenn vrè plas li jis ka jodi a nan tout kouch sosyal peyi a.

Yon selebrasyon emosyonèl

Se nan konstitisyon 1987 la leta Ayisyen fikse estati jiridik kreyòl la menm kote ak lang franse a etanke lang “ofisyèl’’ ak “nasyonal” Repiblik la. Atik 5 manman lwa peyi a di tout Ayisyen ini ak yon sèl lang ki se kreyòl, malgre sa lang sa pa janm sispann sibi diskriminasyon nan sosyete Ayisyen an, gen anpil moun se nan jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl la selman yo montre lanmou yo pou lang sila, 28 oktob 2021 an te make 38èm jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl nan tout peyi kreyolofòn yo, yon fason pou bouste lang sila plis. Pa bò lakay nou an Ayiti Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) toujou konsakre tout mwa oktòb la pou selebre lang sa. “Lang kreyòl tout kote, san fòs kote’’ se sou tèm sa akademi an te lanse ofisyèlman mwa lang ak kilti kreyòl nan dat 7 oktob 2021 nan lokal ministè kilti ak kominikasyon an. Tèm sa se yon mannyè pou poze pwoblèm lang depi nan rasin li, kote kreyòl la dwe itilize nan tout sektè fòs viv nasyon an, epi pou gen konesans syantifik ak dokiman ka p sèvi referans nan lang matènel nou an. Toujou gen yon ipokrizi anraje nan jounen entenasyonal kreyòl la, se lè sa nou remake tout lokitè Ayisyen yo sonje yo se kreyolofòn, kote sou rezo sosyo yo kou nan lari a tout moun ap raple yo de tout pwovèb ki egziste kòmkwa jounen an se ta yon jounen pwovèb kreyòl. Genyen pami yo ki pataje piblikasyon zanmi yo pou montre lanmou yo gen pou lang sila, gen moun ki pwofite veyikile tout vye pawòl, envante tout kalite vye fraz pou denigre moun.

Yon lanmou makiye

Majorite moun k ap klewonnen byen fò nan non lang kreyòl la nan jounen entènasyonal la k ap fè w konpran se yon enperatif pou nou pale kreyòl, apre jounen sa, swadizan defansè sa yo se premye moun kap inyore frè ak sè yo ki pèdi dwa yo adrese yo an kreyòl, kit se nan travay yo, lakay yo elt. Yo gen menm sentòm ak moun ki, sou okenn pretèks pa mele ak ak lang kreyòl la pandan yo se Ayisyen natif natal, yo se yon bann kreyolofòn makiye. Pou yo, lè yon lokitè eksprime nan lang manman yo kote konstitisyon an bay tout moun dwa lengwistik sa, lokitè a se yon moun sòt, yon moun ki pa edike. Ata menm pitit yo, yo fè konprann yo pa kanmarad moun sa yo. Dèfwa menm pou yon moun travay lakay yo kòm sèvant yo egzije moun nan fòl ka di de (2) twa (3) mo franse si se pa sa pap gen travay.

Moun sa yo gen yon nivo diskriminasyon debòde, dayè yo p ap pwodui anyen an kreyòl ki gen rapò ak konesans, si yon jenn deside pwodui kèk refleksyon nan lang sila ekri bon zouti k ap pèmet plis moun aprann yo pap ba l espas pou l vann tèt li, yo montre yo renmen kreyòl sèl grenn jou entènasyonal la pandan se yon lang ki ta dwe onore pandan 365 jou.

Lè nou gade nan lekòl kou inivèsite aprenan Ayisten yo pa sispann sibi diskriminasyon anba kolon lokal yo, gen anndan yon seri lekòl jiskaprezan pale kreyòl se yon enfraksyon, pandansetan manman lwa peyi a bay Ayisyen dwa pou yo eksprime yo nan lang matènèl yo ki rele yo chè mèt, chè metrès.

Sistèm edikatif sa lakoz anpil timoun echwe, paske anseye yon timoun nan yon lang kote l pa metrize e majorite timoun se lang matènel yo yo pale se yon katastwòf dosimolojik (etid evalyasyon pedagojik). Gen kou ki konn ap fèt kote timoun nan pa konprann men li wont di sa li pa vle yo ri l di l sòt, ridikilize l, lekòl jounen jodi a kenbe menm tradisyon lekòl tradisyonèl ayisyen an (lekòl kongreganis, lise, enstitisyon prive) kote kategori sa pa t konn itilize lang kreyòl la pou anseye gwo chabrak yo.

Diskriminasyon sa pa sèlman lekòl nou jwenn li nan legliz, enstitisyon prive kou piblik. Menm nan desizyon jij la ap pran nan tribinal se fransè dèfwa akize a pa menm konprann sak di a.

Konbyen lwa ki vote nan palman ki an kreyòl?

Finalman, fòk nou rekonèt tou gen aktè nan sosyete a ki pa sispann fè pwomosyon pou lang sila tankou nan mizik, pwezi, yo vann li anpi l nan fwa atizanal elt…

An n pa batay pou lang kreyòl la sèlman pandan yon mwa oubyen grenn jou entènasyonal la, men pito se yon batay ki dwe fèt chak jou nan espas piblik kou prive ( lekòl, inivèsite, antrepriz elt…) Leta Ayisyen nan tèt kole ak akademi kreyòl la dwe mete tout pwa yo nan balans lan pou aboli apated lengwistik sa, kote “lang kreyòl la dwe tout kote san fòs kote’’ lang sila se rasin tout Ayisyen.

Liona Toussaint

0Shares